Manman, papa, gran frèm yo. M dezole, m dezole pou sa. Se pat sam te janm swete.
Men aprè sa ki fin rive yo, m pap kontinye gade nou nan je. Moun mwen te di map vin prezante nou an dedide mte fen nan relasyonm ak li. Rezon yo nou petèt pap janm konnen yo. Menm vle nou konnen, m te viv anpil bel moman ak li, e m te renmenl anpil tou. M pa gen kouraj rakonte nou sam fè nan relasyon an ki rann mwen pa onèt. Map selman di nou, li te konn tretem byen e rann mwen ere.